Click to see this page in English | Español | Kabuverdianu | 中文

ANSANM, SWEN DIRÈK KONSOMATÈ MA YO KA GENYEN! 

ÈD SWANYAN MA YO FÈK SOT GENYEN YON KONTRA ISTORIK. . . ÈD DIRÈK KONSOMATÈ YO KAPAB FÈ MENMJAN AN! 

Chimen pou $25/èdtan! 

Nan pwochen ane yo, salè MA PCA ap ogmante pou rive nan $25/èdtan. Epitou, y ap peye PCA ki travay pou plis tan yo ak yon pi gwo pousantaj pou rekonpanse eksperyans yo. 

Diferans Swen Konplèks yo 

PCA k ap okipe anplwayè konsomatè ki gen bezwen konplèks (jan eta a defini l la), y ap resevwa pèman $3.25/èdtan siplemantè. 

Kont Retrèt! 

Eta a pral kreye yon kont epay retrèt ak taks difere anvan oktòb 2025 pou ede nou pran retrèt nou ak diyite. 

Pwogram devlopman pwofesyonèl! 

PCA ki suiv yon pwogram 25 èdtan PCA yo ak anplwayè konsomatè yo devlope ap resevwa yon sibvansyon $1,000. 

Amelyorasyon Konje Peye Yo! 

PCA yo ap kapab pran konje peye yo (jiska 50 èdtan/ane) nenpòt ki lè. 

2 Jou Ferye Anplis! 

PCA yo jwenn Jounen Martin Luther King Jr. ak Juneteenth kòm jou ferye adisyonèl, sa ki rapwoche yo de jou ferye travayè yo obsève nan tout Massachusetts la. 

Pwoteksyon Vi Prive! 

Nimewo sekirite sosyal PCA yo p ap parèt sou rejis pèman yo voye lakay konsomatè anplwayè yo ankò, pou pwoteje travayè yo kont vòl idantite yo. 

Pwoteksyon kont reta pèman yo! 

PCA yo ap jwenn notifikasyon si gen pwoblèm ak fèy tan nou yo oswa ak lè otorize konsomatè yo. Nou te ranfòse pwosesis doleyans salè nou an tou. 

Manm 1199SEIU yo te konstate sa a plizyè repriz - lè travayè èd adomisil yo mete tèt yo ansanm epi fòme yon sendika, nou ka genyen amelyorasyon reyèl pou tèt nou ak pou konsomatè nou yo! Soti New York pase Connecticut rive Massachusetts, 1199SEIU se sendika ki pi solid pou travayè èd adomisil yo.