Click to see this page in English | Español | Kabuverdianu |中文

Nou Se Founisè Swen Dirèk Konsomatè Ma Yo. 

N ap goumen pou yon pi bon sistèm swen pou nou, pou moun nou renmen yo ak pou kliyan nou yo gras ak 1199SEIU. 

1199NJ_residents20.jpg

PCAs Massachusetts yo Fèk Jwenn yon KONTRA ISTORIK - Kounye a Se TOU PA NOU! 

Lè travayè swen adomisil yo fè pati yon sendika, sa gen anpil veritab avantaj! Pèsonèl Èd-swanyan (Personal Care Aides, PCAs) nan MA yo fèk jwenn yon nouvo kontra istorik antanke manm 1199SEIU. kontra sa a prevwa yon salè minimòm $25, diferans nan salè pou swen konplèks yo, kont retrèt, pwogram devlopman pwofesyonèl, plis jou ferye, amelyorasyon konje peye yo ak plis ankò! Kontra sendika yo fè li posib pou nou reponn ak bezwen fanmi nou pandan n ap pran swen lòt moun. 

Kim+Gibson+-+BLS+class+ROC+8-18.jpeg

1199SEIU se sendika travayè swen adomisil Massachusetts la. 

1199SEIU se yon sendika ki gen plis pase 75,000 travayè swen adomisil, soti New York pase DC pou rive Massachusetts. Toutotan travayè ap rantre nan kominote swen adomisil nou an, N AP VIN PI FÒ. Soti nan kontra sendika yo pase nan lejislasyon ki konsantre sou travayè yo pou rive nan mizangad kont ajans abizif yo, 1199SEIU ap montre wout pou suiv pou amelyore sistèm swen adomisil MA a. 

Yelena Berkun with organizer.jpg

Jwenn plis enfòmasyon sou kominote nou an! 

Vin rankontre manm 1199SEIU yo epi dekouvri poukisa moun k ap bay swen nan MA yo ini yo pou amelyore kondisyon travay nou yo. Ou ka pran yon randevou ak yon òganizatè 1199SEIU pou aprann plis sou avantaj ki genyen nan vin manm sendika a.