Click to see this page in English | Español | Kabuverdianu | 中文

Albany_Medicaid_cuts_rally201903190085%282%29.jpg

ANTRE NAN KOMINOTE KONSOMATÈ DIRÈK MASSACHUSETTS LA, ANTRE NAN 1199SEIU! 

Lè w se yon moun k ap founi èd/swen dirèk bay konsomatè yo, sa ka yon sous izòlman ak fristrasyon- se poutèt sa nou kreye yon kominote travayè èd adomisil: pou nou reyini ansanm, pale sou pwoblèm nou yo, epi pran mezi pou amelyore sektè nou an.  

1199SEIU reprezante 60,000 asistan pou swen pèsonèl (Personal Care Attendant, PCA) nan Massachusetts, men kounye a genyen 5,000 travayè swen adomisil ki fè menm travay avèk PCA yo men ki pa anba kouvèti kontra PCA a. Lè ou rejwenn lòt travayè k ap founi èd/swen dirèk bay konsomatè yo, ou kapab lite pou w genyen menm avantaj ak menm orè pèman avèk lòt travayè adomisil Massachusetts yo. Nou ap mande moun k ap founi èd/swen dirèk bay konsomatè Massachusetts yo pou yo vin fè pati kominote nou an epi pwofite avantaj ki genyen lè yo vin manm sendika a.   

Ranpli fòm ki pi ba a si w t a renmen vin yon manm 1199SEIU! 

Fill out my online form.